Production écrite et document écrit

Production écrite et document écrit
Devlòpman kapasite chak moun , chak timoun, chak pwofesyonèl, chak ekspè modèn tradui jounnen jodia  pa kapasite li genyen pou li pwodui e sitou pwodui dokiman ekri.(sitou nan domèn syantifik yo)  Antouka , pou bagay ki gen awè ak ekspètiz, si ou vle yon ekspè, yon espesyalis ki gen eksperyans nan yon domèn ou pa ka pa pwodui e sa se pou nenpòt domèn syantifik ou teknik.
Yon bon medsen ta dwe ekri kèk atik, menm jan pou yon bon avoka, yon bon sosyològ e menm yon bon pwofesè ta dwe pwodui kèk nòt ak remak sou ansèyman li yo.
Nan sans sa tout timoun ou jèn ki devlope kapasite sa pral fòseman devni yon ekspè nan domèn espesifik li va etidye a. Se pou sa nou enspire e inisye timoun ak adolesan yo nan pwodiksyon ekri e nan respè pou sa ki ekri.

Articles les plus consultés