Recherche scientifique et présentation scientifique

Recherche scientifique et présentation scientifique
Bagay ki plis fondamantal nan yon reyisit avanse pou sa ki gen rapò ak edikasyon e devlòpman pèsonèl nan tout nivo (lekòl ak inivèsite). Sa etone nou se li ki plis neglije an Ayiti : Se Rechèch Syantifik. Poutan pa gen etid avanse ni pwogrè san rechèch, dokimantasyon.
Nan kou Haveson Leadership Coaching lan nou fè entwodiksyon sou kesyon rechèch syantifik ak dokimantasyon pou timoun yo kòm yon atou majè nan reyisit yo nan zafè lekòl, inivèsite, pwofesyonèl, syantifik e teknik.
‘’Timoun lan pa oblije tann ke yo ba l tout bagay li bezwen lekòl. Li kapab al chèche konesans lekòl yo li menm tou e eseye asimile yo’’.
Finalman, nou ede timoun yo konn prepare dokiman syantifik e prezante yo (sou fòm enprime ou sou ekran…)

Articles les plus consultés