Kòman yon moun kapab reyisi lekòl oswa nan nenpòt etid wap fè : etid klasik, etid pwofesyonèl ou etid inivèsitè?


Lekòl se yon bagay ki enpòtan anpil nan lavia . Prèske ¾ moun sou latè konnen sa e se rekonèt sa. Pouran, li pa toujou fasil pou tout moun aprann byen lekòl. Nou pral pale , nan kèk ti mo kòman  yon timoun , jèn oubyen granmoun kapab aprann byen lekòl.
Ann reponn kesyon kòman yon moun kapab reyisi lekòl oswa nan nenpòt etid wap fè : etid klasik, etid pwofesyonèl ou etid inivèsitè?
Haveson Florvil, youn nan moun kap travay anpil sou kesyon motivasyon pou reyisit nan zafè lekòl ak jèn yo.
Pou ou kapab reyisi nan nenpòt etid wap fè : etid klasik, etid pwofesyonèl ou etid inivèsitè, ou kapab travay sou 4 pwen sa yo :
1.-Chèche sous motivasyon pa w la.
Motivasyon se jan w manifeste enterè pou lekòl ou pou sa ou ap aprann  lan. Pa egzanp, bay tèt ou yon rezon kif è w santi w dwe aprann lekòl la ou nenpòt lòt bagay wap aprann lan.
Pa egzanp : ou ka jwenn motivasyon si w met nan tèt ou wap aprann ou fè etid la pou w devni yon moun enpòtan, pou ou itil fanmi ou, pou ou kapab ede lòt moun, pou w kapab gen plis konpetans pou w travay, pou w kapab reyisi , pouw kapab reyalize yon pwojè pa w, etc.
Motivasyon an anpil fwa depann de elèv la. Depi w genyen l, ou deja ap ka aprann byen e reyisi lekòl a 50%. Se motivasyon sa kap fè w anvi avance , toujou rete fèm , pran kouraj, pasyans ak pèseverans nan etid ou.
2.- Konnen ke w entèlijan
Gen kèk bagay anpil elèv ak etidyan , timoun, jèn  tankou granmoun petèt pa konnen lè yap etidye. Tout moun entèlijan menm si nou tout pa entèlijan menm jan, menm si nou pa entèlijan nan menm bagay e nan menm nivo.
Toutotan ou gen plis motivasyon e ou travay plis se toutotan wap parèt plis entèlijan. E lè w sispann travay ou demotive se le kontrè ou jwenn kòm rezilta.
Nenpòt domèn ou entelijan ladan , sa kapab ede w entèlijan nan lòt domèn depi w motive ase pou sa.
Kidonk, li enpòtan pou nou eseye devlope entèlijans nou nan sa nap aprann lan e depi nou rive fè sa, lap ajoute ¼ an posibilite pou n byen aprann e reyisi nan lekòl, inivèsite e sa nap aprann yo.
Fòk nou sispann met nan tèt nou ke nou pa ase entelijan pou aprann oubyen aplike tankou lòt elèv oswa etidyan ki pi entèlijan pase nou. Se pou nou pa janm dekouraje kontinye devleop pwòp entèlijans pa nou pou nou ka pi byen aprann e bay rezilta nan etid nou. Sa se yon kle enpòtan nan reyisit nou nan etid nap fè.
3.- Travay pou w kreye e chèch yon meyè anviwònman.
Anviwònman an enpòtan anpil pou ou si w vle byen aprann oubyen reyisi lekòl, nan inivèsite ou nenpòt sa wap aprann lan. Ki moun ou pase plis tan avè yo? De kisa yap pale? De lekòl?ki kote w pase tan pou w travay zafè lekòl? Kote tout moun ap fè bri nan lòt aktivite? Ki lekòl ou ladan l? koman w jere efò ou dwe fè pou w aprann nan lekòl sa? Eske zanmi ou pase plis tan avèk yo a sipòte w nan zafè lekòl ou?
Tout kesyon sa yo ap kapab ede w konprann ki anviwònman ou bezwen pou w kapab reyisi nan tout etid wap fè. Etid klasik, etid pwofesyonèl ou etid inivèsitè.
Travay pou w chèche  jwenn ou kreye yon anviwònman  favorab enpòtan anpil pou ede w reyisi nan nenpòt sa wap aprann lan. Sa ape de w a 15% nan reyisit la.
4.- Travay ak metòd e eseye adapte ak metòd nan lekòl ou an.
ANpil fwa nou pase anpil tan nan etid nou, nan lekòl, nan inivèsite ak lòt etid pwofesyonèl nap fè e nou di nou pa ase aprann oubyen nou pa jwenn ase rezilta. Nan ka sa yo nou dwe konsidere metòd ki itilize nan lekòl la oubyen pwofesè a.
Fòk ou toujou eseye chèche konprann metòd lekòl ou inivèsite a oswa metòd pwofesè a li menm e petèt metòd chak pwofesè yo menm yo aplike epi eseye adapte w.

Kote metòd yon pwofesè kapab mwen efikas pou ou, ou kapab chèche konprann yo e itilize motivasyon ou gen pou aprann lan e entèlijans ou ap devlope nan sa wap aprann lan, pou ou kapab konble vid osinon mankman o uta ka genyen lèw konsidere adaptasyon pa a metòd lekòl la oswa pwofesè ou yo. Epi prepare w pi byen pou egzamen e tout lòt bagay ki gen rapò ak pèfòmans ou rezilta lekòl ou.

Articles les plus consultés